Daily Archives: 12 janvier 2020

Prezidan Jovenel Moïse depoze yon jèb flè nan St Christophe pou salye memwa viktim tranblemann tè 2010 yo

Prezidan Jovenel Moïse depoze yon jèb flè nan St Christophe pou salye memwa viktim tranblemann tè 2010 yo

Pòtoprens, 12 janvye 2020- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, kite gen bò kote l Premye minis lan Jean Michel Lapin, Premyè Dàm nan Martine Moïse, Prezidan 2 cha yo, Eta majò Lame a, plizyè manm nan kabinè ministeryèl la, Eta majò lapolis la ak manm kò diplomatik la, salye dimanch 12 janvye 2020 an, memwa viktim tranblemann tè 12 janvye 2010 yo.

Nan okazyon an, chèf Leta a depoze yon jèb flè nan memoryal St Christophe la kite konstwi nan lide pou rann omaj ak tout sila yo ki te mouri nan gwo katastwòf saa kite frape peyi a.

Jan Prezidan Repiblik la toujou di li, tèt ansanm se sèl chimen. Prepare peyi a pou fè fas ak katastwòf natirèl tankou tranblemann tè paka fèt nan chirepit, se tout pitit peyi a ki pou mete men pou sove peyi a.

Finisman